Sou pwogram nan
ABV se yon sistèm vijilans kominotè prive, kowòdone epi jere pa ORGDH. Objektif li se ede sitwayen yo òganize, obsève, rapòte, epi ede prevni danje san zam ak san vyolans.
Vijilans kominotè prive, san zam ak san vyolans
Yon sistèm vijilans kominotè prive, kowòdone epi jere pa ORGDH.

Videyo sa a an Kreyòl ayisyen. Peze bouton jwe a pou gade prezantasyon an.
Priyorite nou kounye a
ORGDH ap chèche sipò pou fòmasyon ak ekipman volontè ak brigadye ABV yo, pou prepare yon sèvis vijilans kominotè pou sekirite pèp la nan tout peyi a.
ABV ALÈT — JEP-EPLA
ABV se yon sistèm vijilans kominotè prive, kowòdone epi jere pa ORGDH. Objektif li se ede sitwayen yo òganize, obsève, rapòte, epi ede prevni danje san zam ak san vyolans.
Sitwayen k ap patisipe nan vijilans kominotè òganize anba kowòdinasyon ORGDH.
ORGDH òganize epi kowòdone patisipasyon kominotè a atravè sistèm ABV la.
Ede sitwayen yo òganize, obsève, rapòte epi ede prevni danje san zam ak san vyolans.
Kominote òganize ak vijilan k ap travay ansanm nan lapè pou ede prevni danje.
ORGDH
Pote kapasite ou, tan ou oswa sipò ou. Chak kontribisyon konte.
Gwoup brigadye nou an se yon inisyativ sitwayen ki kreye pou ranfòse sekirite, lapè ak trankilite nan lokalite a. Objektif prensipal nou se pwoteje lavi ak byen tout moun nan kominote a atravè prevansyon ak solidarite.
Wòl nou se asire yon prezans konstan ak vijilan nan katye a, sitou lannwit ak nan moman sansib yo. Nou obsève, nou kontwole mouvman ki parèt sispèk, epi nou bay alèt rapid lè gen nenpòt danje, ensidan oswa ijans (tankou dife oswa katastwòf natirèl), tout pandan n ap respekte lalwa ak dwa chak sitwayen.
Nou pa ranplase otorite leta yo; nou travay men nan men ak yo. Gwoup la kolabore dirèkteman ak Polis Nasyonal d’Ayiti (PNH), Jij de Pè, CASEC/ASEC, ak Majistri komin nan pou pase enfòmasyon ak fasilite entèvansyon yo. Nou konte tou sou sipò ak konfyans tout abitan nan zòn nan, paske sekirite se zafè tout moun.
Ede prepare volontè yo: patisipe nan fòmasyon, pote kapasite ou oswa fè yon don pou ekipman. Ansanm, ann ranfòse vijilans kominotè san zam ak san vyolans.